Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Enpoze Nouvo Sanksyon Sou Iran


Yon liy tiyo petwòl nan sidwès Téhéran, Iran, (foto achiv 2008).
Yon liy tiyo petwòl nan sidwès Téhéran, Iran, (foto achiv 2008).
Prezidan Barack Obama anonse yon seri nouvo sanksyon sou Iran pandan Chanm Reprezantan ak Sena a ap pare pou yo vini ak pwòp pwopozisyon sanksyon pa yo.

Misye Obama siyen yon dekrè ki enpoze nouvo sanksyon sou sektè enèji ak petwochimik iranyen an pou anpeche Téhéran kontounen sanksyon gouvènman ameriken an deja mete sou Repiblik Islamik la.

Asistan Konseye Sekirite Nasyonal pou kominikasyon estratejik, Ben Rhodes, di gouvènman Obama a ap “amelyore chwa li” pou gouvènman an Téhéran an.
"Iran genyen yon opòtinite atravè diplomasi pou l mete l odyapazon ak obligasyon entènasyonal li konsènan pwogram nikleyè l la; sepandan, nou pale klè pou ‘n di: si Iran pa respekte obligasyon l yo, nou pral kontinye ogmante presyon an. (Deklarasyon misye Rhodes) .

Lèzetazini ak plizyè lòt peyi oksidantal pote-kole pou enpoze nouvo sanksyon yo sou Iran. Yo fè konnen yo genyen kè-sote pou pwogram nikleyè Iran an pa, an reyalite, yon efò pou l fabrike zam nikleyè. Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la tou te eksprime preokipasyon li sou posibilite pou pwogram nikleyè Iran an ta genyen kèk aplikasyon militè.

Depatman Trezò Lèzetazini anonse tou madi kèk sanksyon kont 2 enstitisyon finansyè: Bank Kunlun (Chin) ak Bank Elaf Islamik (Irak) poutèt y ap fasilite tranzaksyon pou Bank iranyen ki deja anba sanksyon entènasyonal.

Dapre David Cohen, sou-sekretè pou afè teworism ak ransèyman finansye Depatman Trezò a: "desizyon jodi a yo ekspoze aklè bizniss bank sa yo kontinye ap fè avèk bank iranyen konsène yo e elimine yo totalman nan systèm finansye ameriken an”. Selon misye Cohen toujou, bank sa yo tap ede Téhéran finanse pwogram nikleyè l
la ak teworism entènasyonal.

Otorite nan gouvènman misye Obama a voye jete lide ki vle fè konprann sanksyon entènasyonal kont Iran yo pa reyèlman gen konsekans sou pwogram nikleyè Repiblik Islamik la.

Ben Rhodes kap travay pou Sèvis Sekirite Nasyonal la deklare “sanksyon yo genyen gwo konsekans sou Iran e Téhéran pral kontinye santi enpak yo pi plis toujou nan Teheran nan semèn k ap vini yo. Franchman, genyen kèk ane de sa se te kominote entènasyonal la ki te divize sou fason pou yo trete ak Iran tandiske lidèchip iranyen an te ini. Sa nou wè jounen jodi a se pa senpleman yon kominote entènasyonal ki ini, men nou wè gwo divizyon nan systèm politik iranyen an.” (Pawòl misye Rhodes)

Sanksyon Mezon Blanch lan yo tonbe nan moman 2 chanm Kongrè ameriken an ap travay pou yo pwopoze semèn sa a pwòp sanksyon pa yo kont Iran anvan yo ale an vakans pou 5 semèn. Sèten palmantè koumanse ap manifeste enpasyans yo e kritike prezidan Obama poutèt li pa pi di ak Téhéran sou koze pwogram nikleyè Iran an.
XS
SM
MD
LG