Medya leta nan peyi Lachin kritike yon rapò Lèzetazini fè sòti sou libète relijyon nan lemond –rapo ki, daprè laprès chinwaz, pa bay rezilta Lèzetazini ap chache a. Nan yon kòmantè ki soti madi 31 jiyè 2012 la, ajans nouvèl leta chinwa a, Chin Nouvèl, deklare rapò sa a se yon zam politik e Lèzetazini ap enpoze sou lemond pwòp konsepsyon pa l sou libète relijyon. Dokiman sa a, ke Depatman deta fè parèt chak ane, di genyen yon deteryorasyon nan respè otorite yo pou libète relijyon nan Lachin; prensipal egzanp yo pale de sitiyasyon an nan rejyon Tibè a ak pwovens Xinjiang kote anpil mizilman ap viv.
Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton --ki tap pale de rapò a lendi nan Washington-- di Lèzetazini pral jije peyi Lejip non pa pou sa l di, men pou sa l fè. Madam Clinton ajoute ejipsyen yo ak kominote entènasyonal la ap mande Prezidan Mohammed Morsi chwazi yon gouvènman ki ouvè pou tout moun, san bliye fanm yo ak kretyen yo. Rapò a presize gouvènman tranzisyon ejipsyen an te fè yon jès nan direksyon plis ouvèti, men li pa rive mete kontwòl sou fòs sekirite yo kap maltirize manifestan kap pwoteste kont otorite yo –pi fò nan manifestan sa yo se kretyen.
Kesyon libète relijyon an te domine vizit chèf diplomasi amerikèn nan te fè nan peyi Lejip nan kòmansman mwa jiyè a. E lendi ankò nan Washington, Sekretè Deta Clinton pale ak tout fòs li de enpòtans libète relijyon. Madam Clinton di –nap site:
“Li patikilyèman ijan pou nou mete aksan sou libète relijyon, paske lè nou konsidere sitiyasyon jeneral la nan lemond, nou mande eske libète relijyon fèç pwogrè, oubyen li fè bak? Enben, repons la pa ankourajan: paske plis pase yon milya moun ap viv anba yon gouvènman ki sistematikman kont libète relijyon. Nouvo teknoloji yo bay gouvènman bout di yo lòt zam pou yo konbat libète relijyon. Manm kominote relijye yo, ki twouve yo anba anpil presyon, fè konnen presyon an ap ogmante plis toujou.”
Sekretè Deta Clinton ajoute absans libète relijyon kreye yon klima laperèz ak sispisyon ki nui pwogrè pèp yo e sa kapab genyen move konsekans tou sou sekirite peyi yo.