Twoup gouvènman an ak rebèl siryen yo kontinye ap batay nan vil Alèp nan nò Siry pandan tou 2 kan yo ap revandike laviktwa youn sou lòt.
Gouvènman an di li pran katye Salahhedine e li lakòz anpil pèt nan ran rebèl yo.
Sepandan, rebèl yo demanti deklarasyon sa a e fè konnen malgre gen batay k ap dewoule pa gen fòs gouvènman an nan zòn nan ki se yon bastyon opozisyon an.
Minis afè etranjè siryen an, Walid al-Moallem, sèmante pouvwa a pral' dechouke rebèl yo nan Alèp. Misye Mollam bay asirans sa a pandan yon vizit l ap fè nan peyi Iran-alye pi solid Siry nan rejyon Pwòch-Oryan an.
Nan yon konferans pou laprès li bay ak misye Moallem bò kote l, minis afè etranjè Iranyen an, Ali Akbar Salehi, ekate tout espwa pou yon tranzisyon pasifik nan yon Siry san prezidan Bashar al-Assad... e l di "tout moun ki panse yon bagay konsa posib ap viv nan ilizyon".
Responsab kesyon imanitè Nasyonzini an, Valerie Amos, nan yon kominike li fè parèt dimanche 29 jiyè a, fè konnen pandan 2 dènye jou yo vyolans nan Siry a pouse 200 mil moun al chèche azil nan peyi vwazen yo.
Madam Amos di batay yo rann li difisil pou ajans imanitè yo pote asistans bay moun deplase yo ki bezwen ijan manje, matla, dra, twous ijyenik ak dlo potab.
Menm dimanch la, Jòdani louvri premye site-tant ofisyèl li pou akeyi refijye siryen. Minis afè etranjè jòdanyen an, Nasser Judah, di peyi li deja akeyi 142 mil siryen e genyen apeprè 2 mil ki rive chak jou nan Jòdani. Turki akeyi deja lakay li 44 mil siryen.