Accessibility links

Breaking News

Rankont Lamothe avèk Sekretè Foreign Office la


Minis Afè Etranjè britanik la, William Hague
Minis Afè Etranjè britanik la, William Hague
Enfòmasyon ki sòti nan misyon diplomatik Wayòm Ini nan Oganizasyon Nasyon Zini, fè konnen Minis Afè Etranjè britanik la, William Hague, rankontre ak Premye Minis ayisyen an, Laurent Lamothe, vandredi 27 jiyè 2012 la. Misye Lamothe ap vizite La Grand Bretay pou l asiste seremoni ouvèti Jozolenpik Lond 2012 yo.

Pandan vizit Chèf Gouvènman ayisyen an, li deja rankontre ak Prens de Gal la ak manm Gwoup Palmantè Tout Pati pou Ayiti a. Se konsa tou li patisipe nan kèk reyinyon ki te mete li an kontak avèk responsab sektè biznis ak endistri britanik la, òganizasyon non-gouvènmantal ak reprezantan kominote ayisyèn nan nan Wayòm Ini. Premye Minis Lamothe –ki nan tèt delegasyon Ayiti voye nan Jezolenpik yo- se yon ansyen jwè tenis entènasyonal ki te reprezante peyi li nan Coup Davis an 1994 ak 1995.

Pandan Minis Afè Etranjè britanik la, William Hague, te pran lapawòl vandredi, li deklare –nap site:

« La Grand Bretay enterese anpil-anpil pou li apiye Ayiti sou wout stabilite, devlopman avèk pwosperite a. Nou vle ranfòse dyalòg politik nou avèk gouvènman ayisyen an epi mete sou pye on patenarya nan domèn echanj komèsyal ak envestisman an. Kòm yon egzanp ki kapab ilistre angajman nou, apui nou ak enterè nou pou Ayiti, mwa pase a mwen te anonse Lagrann Bretay pral ouvè yon anbasad nan Pòtoprens. Depi ane 1966, se premye fwa nou pral genyen yon misyon diplomatik ann Ayiti.

Nan lespri zanmitay ak patenarya sa a ki pa sispann grandi, se avèk plezi mwen te resevwa Premye Minis Lamothe jodi a. Nou fè kèk diskisyon ekselan, yo te chaje chalè, e nou espere ranfòse rapò kap devlope ant 2 peyi nou yo. Mwen swete tout atlèt ayisyen kap patisipe nan Jezolenpik yo ak Je Paralenpik yo : Bòn chans.»
XS
SM
MD
LG