Accessibility links

Breaking News

Etazini-Colorado: James Holmes ap Rete nan Prizon


Yon jij nan Eta Colorado pase lòd pou swa dizan koupab nan fiziyad ki te fèt nan sal sinema eta a, James Holmes, rete nan prizon jiskaske li parèt ankò nan yon pwochen odyans kote li pral reponn pou yon akizasyon ofisyèl .

Avoka akizasyon yo deklare y ap chèche yon kondanasyon amò pou Holmes ki anba akizasyon dèske li ta touye 12 moun e blese 58 lòt vandredi pase.

Ensidan an dewoule pandan moun te rasanble pou al wè, a minui, grand’ premyè dènye fim nan seri Batman nan ki rele “The Dark Knight Rises”.

Holmes pa fè okenn deklarasyon nan premye odyans la ki dewoule lendi 23 jiyè a.
XS
SM
MD
LG