Accessibility links

Breaking News

Irak-Vyolans : Lanmò 103 Moun nan Bagdad ak Kirkouk – Anviwon 200 Blese


Otorite irakyen yo fè konnen yon seri de ekspozyon bonm ki fèt nan Bagdad, kapital la, ak nan vil Kirkouk ki nan pati nò peyi a, touye 103 moun pou pi piti e blese anviwon 200 lòt.

Daprè menm sous la, pami atak sa yo, ki dewoule lendi 23 jiyè 2012 la, genyen ki te vize yon rejyon ki rele Taji, o nò Bagdad.

Pèsonn poko reklame responsablite pou zak sa yo jiskaprezan. Vyolans la dewoule aprè yon gwoup militan ekstremis te poste sou entènèt la, samdi pase a, yon mesaj ki te fè konnen gwoup la pral pase yon vitès siperyè.

Rimè fè konnen moun ki fè poste mesaj sa a se ta lidè branch al-Kayda a nan Irak.
XS
SM
MD
LG