Lèzetazini ak Lachinn anonse yo pral fè yon lòt seri chita-tande sou respè dwamoun semèn k ap vini la a.
Depatman Deta ameriken ak responsab chinwa yo presize diskisyon yo pral dewoule nan Washington nan dat 23 ak 24 jiyè 2012.
Bò kote Washington, ap genyen Michael Posner, Asistan-Sekretè Deta pou Demokrasi, Dwamoun ak Travay; e pèsonalite kap reprezante Peken an se Chen Xu, minis afè etranjè chinwa a kap nan tèt yon delegasyon.
Se 17e seri chita-tande ki pral fèt ant 2 peyi yo sou kesyon dwamoun. Dènye seri an dat la te dewoule nan mwa d avril 2011 la.