Accessibility links

Breaking News

Lachin Ofri yon Pwogram Ed 20 Milya Dola pou Kontinan Afriken an


Lachin pran angajman pou li prete peyi ki sou kontinan afriken an yon lòt sòm 20 milya dola sou yon peryòd 3 zan.

Objektif Peken se pote konkou li nan reyalizasyon kèk pwojè devlopman sou kontinan an ki chaje ak resous.

Prezidan chinwa a, Hu Jintao, anonse prè a nan vil Peken jedi 19 jiyè 2012 la nan ouvèti yon somè ki reyini divès lidè afriken.

Misye Hu di fon sa a pral apwiye efò kap fet nan domèn agrikilti, manifakti ak devlopman ti biznis.

Sòm 20 milya dola a reprezante 2 fwa lavalè lajan Lachin te ofri peyi afriken yo nan dènye fowòm sou ko-operasyon ant Peken ak Lafrik ki te dewoule an 2009.
XS
SM
MD
LG