Accessibility links

Breaking News

Japon-Inondasyon: 27 Moun Mouri


Rezidan nan sidwès Japon ap retounen lakay yo apre 4 jou lapli ki te pwovoke gwo inondasyon.

Plizye santèn milye moun sou zile Kyushu kòmanse netwaye jodi lendi a, alòske kantite moun ki mouri nan inondasyon ak glisman teren monte rive a 27 pou pi piti.

Dimanch 15 jiyè a, sòlda japonè te fè pon ayeryen pou distribye manje bay plis pase 3 mil moun ki te bloke nan prefekti Fukuoka o sidwès Japon.
XS
SM
MD
LG