Yon panèl ki genyen nan tèt li Dr. Paul Farmer (anvwaye espesyal adjwen Nasyonzini ann Ayiti) prezante jedi nan Washington, DC yon evaliyasyon sitiyasyon an nan peyi Dayiti 2 zan aprè tranblemanntè a.
Depi katye Jeneral Bank Mondyal la, nan kapital federal Etazini an, anvwaye espesyal adjwen Farmer, siyale efò k ap fèt atravè peyi a pou remete Ayiti kanpe sou plan nasyonal e rejyonal.
Misye Farmer endike sou 6 milya dola asistans kominote entènasyonal la te pwomèt Ayiti apre katastwòf janvye 2010 la se sèlman 0.99 pousan nan èd ki dekese deja a k al jwenn gouvènman ayisyen an.
Pandan entèvasyon li a, doktè Farmer siyale travay Zanmi Lasante ap fè nan rejyon Plateau Santral la kote yo pral inogire, anvan lontan, "L’hôpital Universitaire Mirebalais" a.
Selon misye Farmer : "lopital Mirebalais a prèske fini e lè l ouvri li pral youn nan pi gwo lopital ann Ayiti. Se yon lopital piblik e se pou pèp ayisyen an li ye. Li pra l pote anpil amelyorasyon."
Lopital sa a pra l sèvi ak pano solè pou founi kouran elektrik nan batiman an--pi gwo lopital nan lemond k ap sèvi ak teknoloji sa a. Dr Farmer ensiste nesesite pou diferan sektè nan peyi a met tèt yo ansanm pou yo mete sou pye yon seri enstitisyon solid pou peyi a kapab konbat lamizè.
Prezidan Bank Mondyal la, Jim Kim, te prezan tou nan konferans sa a kote li souliyen entèvansyon enstitisyon l ap dirije a nan peyi Dayiti. Li di bank lan gen ekspètiz pou ede nasyon frajil tankou Ayiti soti nan sitiyasyon frajilite yo ye a.
Mesye Kim di: "si nou ka redui valè tan li pran poun reyalize bagay sa yo, e si nou ka mete ekspètiz nou sou tab la nan chak peyi...si nou ka fè sa, enben pa gen okenn rezon pou nan dizan ou menm avan sa a nou pa kòmanse retire peyi sa a nan eta frajil li ye a."
Mesye Kim fè konnen sitiyasyon peyi Dayiti te entèpele l anpil depi premye vwayaj li te fè nan peyi karayibeyen an sa gen kèk ane e li t ap mande tèt li kòman enstitisyon l ap dirije jodi a te kapab ede pi byen Ayiti.
Konferans sa a bout jedi apre midi an. Dr. Farmer gen poul vwayaje al inogire yon lopital riral sou kontinan Afriken an (san plis presizyon) ak ansyen prezidan ameriken an Bill Clinton.
Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj Coralie Saint-Louis.