Accessibility links

Breaking News

Ejip: Manifestasyon Apui Popilè nan Lekèr pou Prezidan Morsi


Ann Ejip, plizyè milye sitwayen rasanble pou yo montre apui yo pou prezidan Mohammed Morsi aprè Kou Siprèm peyi a ranvèse desizyon Misye Morsi te pran pou l remete palman an nan plas li e konvoke yon sesyon madi 10 jiyè 2012 la.

Byen ta nan jounen an, manifestan yo te reyini pa bann e pa pakèt sou plas Tahir la, nan vil Lekèr, kapital la, avèk drapo nan men yo, pou yo fè wè apui yo pou nouvo prezidan an.

Mohammed Salah, youn nan manifestan yo, di :

“ Mwen panse tribinal la fèt pou li respekte opinyon pèp ejipsyen an ; paske moun ki nan palman an, se nou menm ki mete yo la. Se nou ki te vote pou yo."

Vrèman vre, manm Chanm Bas palman ejipsyen an te reyini nan fen jounen madi a, yon aksyon ki defye lòd ni Kou Siprèm nan, ni dirijan fòs zame a. Pandan chèf diplomasi amerikèn nan, Hillary Clinton --k ap fè yon vizit nan peyi Vyetnam-- t ap fè kòmantè sou evolisyon sitiyasyon an nan Lejip, li lanse apèl bay tout sektè politik yo pou l mande yo sèvi ak dyalòg pou yo rezoud pwoblèm ki poze yo.

Sekretè deta Clinton deklare:

"Se ak tout fòs nou bay tout moun yo konsèy pou yo itilize dyalòg ak tèt-ansanm, pou yo fè fas ak yon seri de pwoblèm ke nou kapab konprann; men pwoblèm sa yo dwe jwenn solisyon de kwa pou evite nenpòt ki difikilte ki ta kapab deraye tranzisyon ki sou pye a."

Nan vil Lekèr, toujou madi 10 jiyè a, Prezidan Mohamed Morsi te rankontre ak Minis Afè Etranjè alman an, Guido Westerwellen. Aprè rankont la, chèf diplomasi almann nan deklare li gen konfyans Lejip kapab jwenn yon solisyon pou lit politik k ap dewoule lakay li a.
XS
SM
MD
LG