Ozetazini, Chanm dè Reprezantan an, ki anba kontwòl repibliken yo, pral vote mèkredi 11 jiyè 2012 la sou yon pwopozisyon-lwa ki mande elimine plan refòm administrasyon Obama a vle pote nan sistèm swen sante a.
Pa le fèt ke refòm nan ta oblije tout ameriken achte asirans sante --sinon Leta ap fè yo peye yon amand-- kritik repibiken yo di se kòmsi li mete yon taks sou do sitwayen yo.
Prezidan Chanm Bas la, John Boehner, ki t ap abòde dosye a ak laprès madi, pale pou l di plan refòm sa a vin mete yon fado sou do ti biznis yo ki ta twouve yo nan obligasyon pou yo peye asirans sante pou tout anplwaye yo; daprè li, se yon fado ki pa nesesè.
Misye Boehner di:
”Lachanm pral vote pou bloke taks sa a sou wout li, yon fason pou l garanti ke pwopriyetè ti biznis yo gen asirans nou pap ogmante task sou yo, asirans ke n ap koupe taks y ap peye, yon fason pou yo kapab fè travay yo fè pi byen an: sètadi ogmante bizniz yo epi kreye travay.”