Obsèvatè yo atann yo aske Sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton, fikse atansyon n plis sou pwoblèm ekonomik ke sou pwoblèm militè pandan l ap kontinye yon toune sou kontinan azyatik la semèn sa a.
Madam Clinton, ki debake madi maten nan peyi Vyetnam, genyen pou l anonse yon seri de pwopozisyon Washington prepare pou li ogmante envestisman ak ekspòtasyon Lèzetazini nan rejyon an, yon fason pou ankouraje devlopman kèk nan ekonomi ki anrejistre plis kwasans nan lemond.
Carl Thayer, yon ekspè sou rejyon Azi di Sidès e kap anseye nan Inivèsity Sid Peyi de Gal, fè Lavwadlamerik konnen chèf diplomasi amerikèn nan vle ensiste sou le fèt ke administrasyon Obama a pa enterese nan rejyon an pou rezon militè sèlman. Pwofesè Thayer deklare:
“Nouvo ajisteman politik nou pral wè la a, se yon aksyon ekonomik tou nèf Lèzetazini ap poze nan rejyon an pou l montre enterè li nan edikasyon, pwomosyon lasante, anviwonnman ak jesyon dlo nan zòn Flèv Mekong nan. Genyen tout yon seri de lòt domèn kote Lèzetazini pral montre li trè zaktif nan kad nouvo ajisteman sa a ; alòs, opinyon ki vle fè konprann Washington enterese nan rejyon an akoz puisans militè Lachin, se sèlman yon pati segondè nan nouvo politik aktif sa a.”
Pi ta semèn sa a, sekretè deta Clinton genyen pou l prezide yon gwo rankont ki pal reyini kèk antreprenè ak òmdafè ameriken enpòtan nan peyi Kanbòdj, kote li va pale de plan Lèzetazini genyen pou l ogmante ekspòtasyon li nan rejyon an.