Accessibility links

Breaking News

Jounen Elektoral istorik nan peyi Libi


SItwayen libyen ap montre dwèt yo ak lank endelebil apre yo fin vote
SItwayen libyen ap montre dwèt yo ak lank endelebil apre yo fin vote
Premye eleksyon palmantè ak patisipasyon plizyè pati dewoule nan Libi pou la premyè fwa nan 60 tan. Daprè obsèvasyon ki fèt aprè elektè yo fin vote nan wikenn nan, kandida pati ki zanmi puisans oksidantal yo sanble genyen yon avantaj sou kandida islamis yo. Prensipal reprezantan l’ONU nan Libi a, Ian Martin, fè konpliman pou eleksyon an ki, daprè li, dewoule pi byen pase sa moun te espere. Misye Martin di -nap site:

“Youn nan pi bèl aspè eleksyon sa a, se le fèt ka pa genyen okenn akizasyon kòmkwa ta genyen iregilarite nan okenn nivo. Petèt ke gen erè, paske se premye elekyon peyi a; men, koken? mank-e-melanj? Iregilarite? Pa genyen sa ditou.

Sitwayen libyen yo vote pou yo chwazi manm asanble nasyonal la ki genyen 200 syèj ladan n. Wòl imedya asanble sa a se fòme yon gouvènman pwovizwa epi prepare yon pwojè-konstitisyon anvan eleksyon palmantè ki fikse pou ane pwochèn nan.
XS
SM
MD
LG