Accessibility links

Breaking News

Vizit Anvwaye Entènasyonal Kofi Annan nan Siri


Indian schoolchildren use a plastic sheet to keep dry as they ride a cycle-rickshaw during a light drizzle in New Delhi.
Indian schoolchildren use a plastic sheet to keep dry as they ride a cycle-rickshaw during a light drizzle in New Delhi.
.Anvwaye entènasyonal Nasyon Zini ak Lig Arab la pou Siri, Kofi Annan, twouve l nan Damas, kapital Siri, pou l fè chita-tande ak Prezidan al-Assad sou mwayen pou mete fen nan vyolans kap sakaje peyi a. Sa gen kèk mwa deja depi Misye Annan ap eseye fè aplike yon plan lapè li te prepare pou Siri, men li rekonèt efò entènasyonal kap fèt pou mande negosyasyon ant opozisyon an ak gouvènman an, echwe. Dimanch 8 jiyè 2012 la, Sekretè Jeneral l’ONU an, Ban Ki-moon, lanse apèl bay gouvènman siryen an pou mande l respekte sa k di nan plan lapè Annan nan. Chèf Nasyon Zini an di -nap site:

«Sitiyasyon an deteryore anpil-anpil e li vin pi militarize. Moun kontinye komèt abi dwazimen ki revòltan. Kalte asasina ak vyolans kap dewoule yo, sanbe atenn yon nivo kote moun komèt yo akoz divizyon politik e rasyal.>

Nan yon entèvyou rezidan siryen an, Bashar al-Assad, bay yon chèn televizyon peyi Lalmay dimanch, li akize Lèzetazini, peyi Tiki, Arabi Sawoudit ak Katar deske yo anpeche lapè tabli nan peyi li e yap apiye sa li rele “teworis yo”. Nasyon Zini ta renmen pou obsèvatè etranje al verifye akizasyon Misye al-Assad lanse pou l di se <teworis>, e non gouvènman an, ki responsab zak vyolans yo. Menm dimanch la, medya leta a nan Damas fè konnen lame peyi a kòmanse fè egzèsis a grand’ echèl nan kad yon preparasyon pou li fè fas ak sa medya a rele “nenpòt ki agresyon etranje”.
XS
SM
MD
LG