Accessibility links

Breaking News

Etablisman yon Fon Sovtaj Ekonomik Pèmanan ann Ewòp


Lidè Inyon Ewòp la jwenn yon antant pou yo itilize yon fon sovtaj ekonomik pèmanan pou yo ede direkteman bank kap fè fas ak difikilte sou kontinan an epi chache wè si inyon an va kapab genyen relasyon ki pi solid nan fason peyi-manm yo jere bibjè yo alontèm.

Lidè ewopeyen yo jwenn antant sa a byen bonè vandredi 29 jen 2012 la apre yon seri diskisyon nan yon somè Inyon Ewòp la fè nan vil Briksel nan peyi Bèljik.

Akò sa a tabli tou yon komite direksyon kap la pou sipèvize operasyon bankè tou lè 17 peyi ki itilize Ewo a kòm lajan. Yon pati nan akò a satisfè demand peyi Lespay ak Itali ki te mande asistans pou ede yo fè fas ak gwo chaj dèt ki pa sispann monte sou do yo.
XS
SM
MD
LG