Accessibility links

Breaking News

Patizan Zòn Ewo a Ranpòte Eleksyon Palmantè yo nan Lagrès


 Lidè Pati Nouvèl Demokasi a, Antonis Samaras
Lidè Pati Nouvèl Demokasi a, Antonis Samaras
Lidè Inyon Ewòp la deklare yo genyen gwo espwa peyi Lagrès pral kapab fòme yon gouvènman rapidman aprè patizan prensip sovtaj ekonomik yo fin ranpòte majorite syèj yo nan eleksyon palmantè ki dewoule dimanch 17 jen 2012 la.

Vrèmanvre, Pati Nouvèl Demokasi a (yon pati konsèvatè) pase men pran 30% plas yo pou l ranpòte 129 syèj sou yon total 300 ki genyen nan palman an ---nan chif 129 la, genyen yon bonis 50 syèj lalwa bay pati ki ranpòte plis vòt la.

Pati anti-sojtaj ekonomik la (yon pati radikal) vini an 2èm pozisyon avèk 71 syèj, tandiske pati sosyalis la (PASOK, ki an favè sojtaj la) ranpòte 33 syèj; sa ki fè pati ki an favè sojtaj yo genyen ase vwa pou yo fòme yon gouvènman kowalisyon. Antonis Samaris, lidè Pati Nouvèl Demokrasi a, di rezilta eleksyon an se yon viktwa pou tout Lewòp.

Li pale pou l di:

“Jodiya pèp grèk la eksprime volonte li pou l rete atache ak Ewo a, pou l rete yon pati entegral Zòn Ewo a ; li fè konnen volonte li pou l respekte angajman peyi a epi travay pou kwasans ekonomik."

Nan Washington, La Mezon Blanch pibliye yon deklarasyon kote li fè konnen Prezidan Barack Obama ak lòt lidè mondyal di yo panse li nan enterè yo tout pou Lagrès rete nan Zòn Ewo a, pandan l ap respekte angajman li pran pou l fè refòm.

Youn nan lidè ki panse konsa yo, se premye minis espayòl la, Mariano Rajoy. Daprè li, rezilta eleksyon an bon ni pou Lagrès, ni pou Inyon Ewòp la:
“Mwen gen yon konviksyon total ke rezilta sa a vin ranfòse Ewo a e anvan lontan Lagrès pral kòmanse santi efè desizyon sa a ke tout sitwayen n yo pran la a."

Eleksyon dimanch la dewoule nan Lagrès aprè yon vòt ki te fèt mwa pase a kote okenn pati pat ranpòte kantite vwa ki te nesesè pou l te fòme yon gouvènman.
XS
SM
MD
LG