Nan peyi la Frans, daprè sondaj ki soti nan premye tou eleksyon palmantè yo, pati Prezidan Francois Hollande ak alye li yo genyen pi gran blòk syèj nan chanm bass la .
Rezilta preliminè yo montre pati goch la genyen plis ke 40% sièj nan Asanble nasyonal –la oubyen chanm bas la ki gen 577 sièj.
Pati UMP a, pati konsèvatè ansyen prezidan Nicolas Sarkozy a gen apeprè 35% vwa yo, tandiske Fwon Nasyonal ekstrèm dwat la resevwa ti kras plis ke 13%.
Analis yo di sa pral pèmèt msye Hollande adopte yon seri mezi li espere ki pral ede koupe sou to chomaj –la e relanse Zòn Ewo a kom dezyèm pi gran ekonomi.
Profesè relasyon entènasyonal nan enstiti pou etid Politik Christopher Bickerton di :
"Mwen panse se sensasyon jeneral la vrèman sèke pa gen twòp sirpriz nan rezilta premye tou –a de sa mwen panse nan plizyè pwen mwen panse se te yon kanpay pa twò briyan. Men si ou vle se yon rezilta nòmal pou yon prezidan nòmal."
Yon dezyèm e dènye tou fikse pou 17 Jen k ap vini an. Sosyalis yo ak alye yo deja kontwole sena fransè a, chanm wòt nan palman an.