Accessibility links

Breaking News

Etazini Lanse yon Avètisman bay Rebèl ki Atake Sòlda Ameriken yo nan Afganistan


Minis defans Etazini an, Leon Panetta ankouraje Pakistan pou l pran aksyon kont rebèl ki atake sòlda ameriken yo nan Afganistan; li deklare Lèzetazini rive nan limit pasyans li.

Pandan chèf Pentagòn nan t ap pale nan Kabul aprè li fin rankontre ak minis defans afgan an, Abdul Rahim Wardak, msye Panetta di refij asire nan Pakistan an se yon bagay ki bay anpil kè sote.

Li ekstrèmman enpòtan pou Pakistan pran aksyon pou anpeche kalite refij asire sa a pran pye e pou l pa pèmèt teroris yo itilize peyi yo a kòm yon soupap sekirite pou yo lanse atak yo sou sòlda nou yo.

Msye Panetta vwayaje Pakistan pou l diskite de lagè avèk otorite militè yo pami yo Komandan fòs Etazini ak fòs l’Otan yo nan Afganistan, jeneral ameriken John Allen.

Pandansetan, prezidan afgan an, Hamid Karzai, deklare yon atak ayeryen l’Otan lanse nan pwovens Logar touye 18 sivil. Nan yon deklarasyon msye Karzai fè parèt, li di nenpòt atak ayeyren ki touye sivil oubyen domaje pwopriete yo pa jistifye ni tou li pa akseptab.

Yè mèkredi a Alyans Atlantik Nò a di li pran akizasyon viktim sivil yo trèz o serye e li tanmen yon envestigasyon sou sa.
XS
SM
MD
LG