Accessibility links

Breaking News

Etazini: Gouvènè Scott Walker Siviv yon Vòt Rapèl nan Eta Wisconsin


Gouvènè eta Wisconsin nan mitan lwès Lèzetazini Repibliken Scott Walker ranpòte la viktwa sou rival demokrat li a nan yon scrutin tès ke obsèvatè yo di ki gen anpil enplikasyon pou eleksyon prezidansyèl mwa novanm nan.

Avèk prèske tout vwa ki konte deja yo, gouvènè Walker bat byen fasil majistra Milwaukee a, Tom Barrett avek preske yon maj 2 chif nan eleksyon an.

Yon ti tan aprè gouvènè Walker te fin monte nan plas la nan mwa janvye 2011 la li te pouse pou yon lwa ki te koupe seriezman sou dwa pifò anplwaye gouvènman an pou yo fè demach pou yo te ka jwen ogmantasyon salè ak lòt benefis, sa ki te fè sendika yo ak militan demokrat yo move kou kong.

Gouvènè Scott Walker di:
"Aswè a, aswè a, nou di Wisconsin , nou di peyi nou an e nou di pèp sou tout planèt la ke elektè yo vrèman vle responsab ki ka kanpe e pran gwo desizyon difisil."

Efò vòt rapèl sa a te atire lajan ak atansyon patisizan repibliken ak demokrat nan tout peyi a. Mesye Walker te ranmase 30 milyon dola pou l lite kont vòt rapèl sa a, konparativman a msye Barrett ki ranmase 4 milyon.

Majistra Tom Barrett deklare:
"Pou tout moun, pou nou menm ki te goumen pou nou jwen siyati sa yo, ki te kanpe nan fredi, ki te fè sa nou konnen ki bon –Pa janm sispann fè sa nou konnen ki jis. Se sa ki fè peyi sa a yon bon jan peyi."

Scott Walker se premye gouvènè nan Listwa Lèzetazini ki siviv yon vòt rapèl. Yon ti tan aprè anons la, kandida repibliken ki sanble pral an fas prezidan Obama nan eleksyon mwa novanm yo, an palan de Mitt Romney felisite msye Walker nan yon kominike.
XS
SM
MD
LG