Accessibility links

Breaking News

Libi ap Planifye Premye Eleksyon l Malgre Enstabilite nan Peyi a


Nan peyi Libi, premye eleksyon nan plis pase 40 tan fikse pou dewoule nan 2 semèn. Men gen anpil kè sote akoz enstabilite nan peyi a ki ka petèt deranje eleksyon an oubyen diminye espwa ki te genyen apre dènye revolisyon a siksè ane pase a.

Nan 2 semèn, Libyen yo pra eli yon asanble ki gen 200 manb pou ekri yon konstitisyon e chwazi yon kabinè ; men eleksyon yo ka petèt ranvwaye. Semèn sa a, otorite libyen yo repran kontwòl prensipal ayewopò nan peyi a apre milisyen ame te sezi l avèk gwo mitrayèt ak gwo zam lou.

Mwa pase a, plizyè moun mouri pandan yon manifestasyon milisyen ki te fèt devan biwo premye minis la. Plizyè nan yo refize mete ba lèzam nitou yo refize fè pati fòs sekirite Libi a.
XS
SM
MD
LG