Accessibility links

Breaking News

Afghanistan: Atak Kamikaz Pran Lavi 22 Moun


Nan Afganistan, otorite yo fè konnen yon kamikaz touye omwen 22 sivil nan yon atak li lanse sou yon remiz kote gwo kamyon ap tann pou yo aprovizyone yon baz l’Otan ki tou prè a.

Otorite yo di yon kamikaz ki te sou yon motosiklèt eklate eksplozif ki te sou li yo jodi nan Kandahar. Pandan moun t ap prese pou yo al ede viktim yo, yon dezyèm kamikaz ki te a pye eklate vès eksplozif ki te sou li a.

Atak sa yo blese 50 lòt moun pou pi piti. Eksplozyon sa yo fèt tou prè chan ayeryen Kandahar la, yon kokènn baz kowalisyon Etazini an ap dirije.

Pako gen okèn moun ki pran responsabilite pou atak sa yo. Semèn pase a, Misyon asistans Nasyonzini nan Afganistan an te pibliye yon rapò kote li di sivil ki viktim nan Afganistan rete nan yon nivo inakseptab.
XS
SM
MD
LG