Accessibility links

Breaking News

2 Moun Met Dife Sou Tèt yo nan Tibèt


Nan Tibèt, 2 jèn gason mete dife sou yo nan vil Lhasa aprè-midi 27 me a; premye sakrifis imolasyon ki fèt nan kapital la ki chaje ak sekirite.

Kèk temwen ki te sou plas di sèvis Tibéten Lavwadlamerik la ke fòs sekirite yo avèk sapè pompye te rive sou sènn nan, nan tanp Jokhang tou suit, yo te étènn dife a e yo te pran 2 mesye yo.

Ajans Chinn Nouvèl rapòte youn pami mesye yo mouri sou plas e lòt la nan kondisyon trè grav. Sa fè 2 zyèm fwa moun mete dufe sou prop tèt-yo nan rejyon otonòm Tibet. Pifò lot ka-yo, yo anrejistre-yo nan zòn Tibéten ki chaje ak moun nan sudwès peyi la Chin.
XS
SM
MD
LG