Accessibility links

Breaking News

Jou Ansyen Konbatan yo Ozetazini


Ozetazini, Prezidan Barack Obama ap pare pou l onore sòlda ki te mouri nan lagè yo lè l ap pase jounen Memorial Day la ---“jou ansyen konbatan yo” avèk sòlda retrete ak fanmi yo nan moman komunote tou-pa-tou nan peyi-a ap òganize anpil festivite.

Prezidan an pral vizite tou Mozole ansyen konbatan Vyetnam yo nan simityè Nasyonal Arlington nan toupre Washington, DC kote sòlda te mete drapo ameriken sou preske 260 mil tonm.

Otorite yo te selebre pou premye fwa fèt sa a---yon fèt ki la lontan --- nan simetyè a an 1868 , 3 zan apre gè ki te lakoz anpil san te koule : plis pase 600 mil moun te pèdi lavi yo.

Prezidan Obama nan deklarasyon li fè nan semèn nan presize, jounen konje sa a se yon moman pou peyi a onore sila yo ki sakrifye vi yo e pran swen sila yo ki retounen lakay yo apre yo finn goumen nan lagè pou peyi a.

Anpil ameriken pa ni al travay ni al lekòl e yo konsidere wikenn manch long sa a kòm kòmansman peryòd vakans ete a menm si li pa ofisyèl. Nan festivite sa yo , moun yo òganize pik-nik, y al nan plaj ou nan pak.

Tanperai a gate anpil fèt ane sa a spesyalman yon gwo konsè ki te gen pou dewoule dimanch 27 me a nan Natioanal mall nan , toupre Lavwad Lamerik nan Washington . Genyen yon tanpèt twopikal ki lage lapli sou eta Florid.
XS
SM
MD
LG