Accessibility links

Breaking News

Somè Nò-Ameriken nan Washington


Prezidan ameriken an, Barack Obama, ap resevwa lidè peyi Kanada ak Meksik nan yon somè kap dewoule Washington lendi 2 avril 2012 la e kote y ap santre atansyon yo sou kwasans ekonomik, sekirite ak chanjman klima a. Daprè La Mezon Balcnh, somè sa a se yon okazyon pou 3 peyi yo (Lèzetazini, Kanada ak Meksik) ranfòse kowoperasyon yo nan 3 domèn nou site yo.

Misye Obama, prezidan meksiken an, Rafael Calderon, ak premye-minis kanadyen an, Stephen Harper, va genyen tou pou yo abòde wòl rejyon Amerik di Nò a anvan Somè dè Zamerik la ki pral reyini tout lidè kontinan an, 14 ak 15 avril, nan vil Cartagena, nan Kolonbi.

3 zòn yo genyen pou yo bay yon konferans pou laprès somè a va fin pran fen. Dènye fwa lidè Lèzetazini, Kanada ak Meksik te fè yon somè, sete an 2009, nan vil Meksiko. Somè ane sa a se dènye rankont 3 lidè yo, puiske manda Misye Calderon ap pran fen an desanm. Misye Obama, li menm, genyen pou l ale dèyè yon lòt manda nan mwa novanm 2012 la.
XS
SM
MD
LG