Accessibility links

Breaking News

Arestasyon 19 Ekstremis Islamik an Frans

Prezidan fransè a, Nicolas Sarkozy, fè konnen lapolis arete 19 moun nan yon operasyon kont plizyè ekstremis islamik ki dewoule a travè tout peyi a. Misye Sarkozy prezise lapolis fè yon sezi zam-a-fe vandredi nan yon desant-de-lye nan vil Toulouse ak kèk lòt rejyon. Premye nouvèl yo te di lapolis te mete men sou 20 moun.

Operasyon sa a dewoule apre yon seri asasina ke radikal islamik ame Mohamed Merah te komèt ozalantou vil Toulouse. Otorite yo antere Merah jedi 29 mas 2012 la nan Toulouse, malgre majistra a pa t dakò e apre Aljeri, peyi natal fanmi defen an, te refize kite yo retounen ak kadav la nan peyi sa a pou yo te antere li laba a.

Responsab fransè yo di, anvan Merah te mouri, misye te admèt li te touye 3 timoun, 3 sòlda ak yon raben –swa yon lidè relijye jwif. Daprè lapolis, Mohamed Merah te di li te genyen bon jan koneksyon ak rezo teworis al-Qaida e li te filme atak kote l te touye moun yo.
This item is part of
XS
SM
MD
LG