Yon lidè muzulman nan vil Toulouse, nan peyi Lafrans, fè konnen fanmi yon nèg ki anba akizasyon deske li te touye 7 moun e ki te mouri semen pase a, pa jwenn pèmisyon pou y al antere kadav li nan peyi natal li, Algeri.
Ajans Nouvel Associated Press rapòte pawòl lidè sa a, Abdallah Zekri, ki di se pou rezon lòd piblik yo rejte demand ki te fèt pou yo antere Mohamed Merah, ki te gen 23 zan, nan peyi Algeri. Daprè Misye Zekri toujou, fanmi Merah a mande kounyela a pou yo fè aranjman pou al antere Mohamed Merah nan seksyon mizilman simityè Toulouse la.
Merah te mouri nan yon mariaj kout zam avek la polis ; li te sòti sou yon balkon epi li te lage tèt li anba nan yon apatman kote l tap viv nan Toulouse sa gen yon semen, aprè li te kenbe lapolis nan yon kanpe-lwen ki te dire 32 zèdtan. Li te admèt se li ki te touye 3 solda, 3 ti moun nan yon lekòl jwif ak yon pwofesè lekòl sa a.