Accessibility links

Breaking News

Lachin Rejte yon Rapò Depatman Deta sou Dosye Dwamoun li


Gouvènman chinwa a rejte yon rapò Depatman Deta ameriken an pibliye chak ane sou sitiyasyon dwa moun atravè lemond –rapò kote responsab diplomasi amerikèn nan fè konnen dosye dwamoun Lachin deteryore anpil pandan 12 mwa ki pase yo.

Depatman Deta pibliye rapò ane sa a jedi 24 me 2012 la.

Dokiman an fè konnen: "Respè dwa moun nan peyi Lachin twouve l nan yon sitiyasyon ki grav anpil, paske otorite yo ranfòse dispozisyon yo pran pou yo sere boulon disidan yo epi mete baboukèt sou libète lapawòl."
XS
SM
MD
LG