Accessibility links

Breaking News

Vizit Prezidan François Hollande nan Afganistan


Prezidan fransè a, François Hollande, fè konnen retrè twoup militè Lafrans genyen nan Afganistan yo, se yon operasyon ki pral dewoule nan yon kowòdinasyon sere ant peyi li ak Afganistan epi alye l’OTAN yo.

Pandan misye Hollande ap fè yon vizit sipriz nan Afganistan, li ale wè sòlda fransè ki nan peyi sa a, pi presizeman sila yo ki kantone nan yon baz militè ki nan vil Nijrab, yon komin nan pwovens Kapisa, nan pati lès Afganistan.

Nouvo prezidan fransè a debake byen bonè vandredi 25 me a nan Kaboul kote li genyen avèk li minis afè etranjè li a, Laurent Fabius, ak minis defans la, Jean-Yves Le Drian.
XS
SM
MD
LG