Accessibility links

Breaking News

Etazini Rele Deklerasyon Iran fè Sou Pwogram Nikleyè li a yon Pwopagann


Pòtpawòl Depatman Deta a, Victoria Nuland fè konnen deklarasyon Iran fè yo se pwopagann.
Pòtpawòl Depatman Deta a, Victoria Nuland fè konnen deklarasyon Iran fè yo se pwopagann.

Lèzetazini minimize enpòtans deklarasyon gouvènman peyi Iran fè pou l di pwogram nikleyè li a reyalize kèk gwo pwogrè, paske, daprè sa Washington di, Teheran kòmanse santi presyon sanksyon entènasyonal yo e li ta vle detounen atansyon moun pou yo pa wè Iran twouve l nan yon izòlman diplomatik kap grandi plis chak jou.

Pòtpawòl Depatman Deta a, Victoria Nuland fè konnen deklarasyon Iran fè yo se pwopagann. Madam Nuland di: “Ebyen, m ap di yon fwa ankò, nou-menm, ansanm ak tout patnè e alye nou yo (san bliye sila yo ki nan rejyon gòlf pèsik la), nou santre atansyon nou sou nesesite pou n fè sanksyon yo bay rezilta.”

Iran te fè konnen li deja enstale nan izin nikleyè li yo yon nouvèl jenerasyon santrifij pou anrichi iranyòm e, pou lapremyè fwa li rive mete gaz nikleyè ki fabrike nan peyi a menm andan yon reyaktè nikleyè ki nan kapital la, Teheran.

XS
SM
MD
LG