Accessibility links

Breaking News

Vizit Prensipal Enspektè l’ONU pou Kesyon Nikleyè nan Peyi Iran


Vizit Prensipal Enspektè l’ONU pou Kesyon Nikleyè nan Peyi Iran
Vizit Prensipal Enspektè l’ONU pou Kesyon Nikleyè nan Peyi Iran

Prensipal enspektè Nasyon Zini pou kesyon nikleyè a, Herman Nackaerts, ki se vis-direktè Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la (AEEA), tanmen lendi 20 fevriye 2012 la yon lòt vizit nan peyi Iran. Misye Nackaerts fè konnen pi gwo priyorite li se jwenn repons pou akizasyon ki di kòmkwa pwogram nikleyè iranyen an genyen yon dimansyon militè.

Nimewo 2 AEEA a pale konsa dimanch nan vil Vyèn, nan peyi Lotrich, anvan li te pran avyon pou l ale Teheran, kapital Iran. Li deklare li ta renmen wè rezilta konkrè sòti nan 2 jou rankont li pral fè ak otorite iranyen yo.

"Nou te renmen pase nan Teheran 2 jou kote pati konsène yo antann yo sou dosye a. Se sètènman avèk lespri sa a nou prale laba a. Sa k enpòtan, sè ke nou espere jwenn kèk rezilta konkrè aprè vwayaj sa a. Natirèlman pi gwo priyorite nou se dekouvri dimansyon militè pwogram nikleyè Teheran an. Sepandan, nou dispoze abòde tout kesyon ki rete poze yo."

Pandansetan, nan Teheran, toujou dimanch 19 fevriye 2012 la, minis afè etranjè iranyen an, Ali Akbar Salehi, pale pou l di Iran ta renmen rekòmanse negosyasyon ant 6 pati ki t ap dewoule sou pwogram nikleyè l la; men li vle fè sa yon fason pou tout pati konsène yo jwenn satisfaksyon.

Misye Salehi deklare: "N ap chache yon mwayen –oubyen yon mekanism- pou n sòti nan pwoblèm nikleyè sa a yon fason tout pati yo kapab konsidere se yo chak ki ranpòte laviktwa. Nou byen konprann preokipasyon pati ki anfas nou yo ; yo ta renmen byen sòti nan diskisyon yo; e nou dispoze pare yon bon chemen pou n ede yo byen sòti nan sitiyasyon sa a."

6 peyi ki mele nan diskisyon sou pwogram nikleyè Iran an (swa 5 manm pèmanan Konsèy Sekirite l’ONU an plus Lalmay) pa òganize okenn deba sou dosye a depi yo te fin fè yon rankont ki te debouche sou yon enpas sa gen plis pase yon lane -pi presizeman depi mwa janvye 2011.

XS
SM
MD
LG