Jiri k ap tande pwosè Donald Trump nan New York rantre lakay yo jodi a apre yon finn tande depozisyon yon temwen kle nan pwosè a.
Inivèsite Columbia rale bak sou dèle ke li te fikse ayè jedi-a kote li te bay manifestan anfavè Palestinyen-yo lannwit yè swa a pou yo abandone kan yo sou kanpis la, pandan plis inivèsite nan Etazini te chache anpeche manifestan yo kontinye okipe kanpis yo.
Yon lidè relijyon vodou Annayiti,Augustin Saint Clou,mande nouvo dirijan ayisyen yo,aji vit pou rezoud pwoblèm ensekirite a.
Étazini bay polis nasyonal nouvo materyèl pou kontinye batay kont gang yo
Sitiyasyon imanitè ann Ayiti vin pi mal dapre Direktè Egzekitif Adjwen Pwogram Alimente Mondyal la Carl Skau ki sot f è yon vizit ann Ayiti.
Diferan sektè nan vi nasyonal peyi a pran pozisyon yo parapò ak pouvwa tranzisyon an. Jodia, patizan ex-Senatè Grand'Anse la, Guy Philippe bay pèspektiv pa yo sou konsèy la.
Ansyen Atakan brezilyen an Romario, ki te pran retrèt li rekòmanse antrene pou l retounen monte teren an, li te enskri kòm jwè nan ekip dezyèm divizyon eta Rio de Janeiro America-RJ.
Ayisyen nan 2yèm vil Ayiti, Okap, di sekirite nan peyi a se priyorite pou yo apre enstalasyon konsèy tranzisyon an ki fèt jedi 25 Avril la.
Ministè Sante Hamas anonse vandredi 26 Avril la yon nouvo bilan moun ki pèdi lavi yo nan lagè a.
Lame Ris deklare Vandredi 26 Avril la li te atake yon tren nan rejyon Donetsk nan lès Ikrèn ki tap transpòte zam Loksidan voye bay Kyèv, yon anons ki fèt apre yon seri atak sou ray tren nan Ikrèn.
LONDON (AP) — Gen plizyè peyi nan mond lan ki deja mete entèdiksyon kont TikTok e gen anpil lòt kote yon entèdi li nan ekipman gouvènman an. Se paske responsab gouvènman sa yo di yo pè pou app popilè ki pataje video a yo pa pran enfòmasyon pèsonèl yo ni pirate yo sou entènèt.
Load more