Accessibility links

Breaking News

Kanada ap Ede Resòtisan li yo Kite Ayiti


Foto Achiv: Minis Afe Etranje Kanada, Melanie Joly, pandan yon konferans pou lapres nan Ottawa, Ontario, Kanada.
Foto Achiv: Minis Afe Etranje Kanada, Melanie Joly, pandan yon konferans pou lapres nan Ottawa, Ontario, Kanada.

Kanada lanse Lendi yon operasyon evakyasyon pou sitwayen li ki pi vilnerab yo kap viv an Ayiti, nan moman kote zak vyolans gang yo ap pwopaje toupatou nan peyi a. Se Minis Afè Etranjè Melanie Joly ki anonse nouvèl la Lendi.

Kanada di li pral fasilite vwayaj pou Kanadyen ki vilnerab yo kap viv an Ayiti, kote yo pral transpòte yo nan Repiblik Dominikèn epi Ottawa. Peyi a ap travay sou lot opsyon vwayaj pou lòt resòtisan yo epitou rezidan pèmanan yo ak fanmi yo an Ayiti dapre sa Joly di jounalis yo nan Ottawa.

Kanada priyorize depa Kanadyen ki pi vilnerab yo - setadi moun ki bezwen atansyon medikal oubyen ki gen timoun piti, dapre Joly.

XS
SM
MD
LG