Accessibility links

Breaking News

La Frans ap Transpòte Resòtisan li yo Soti Ayiti pou Mennen yo Matinik


Polisye konfwonte gang yo tou pre Pale Nasyonal la nan Potoprens, Ayiti, 21 Mas, 2024.
Polisye konfwonte gang yo tou pre Pale Nasyonal la nan Potoprens, Ayiti, 21 Mas, 2024.

Yon sous diplomatik di Ajans Frans Près ke yon "batiman marin nasyonal la" pral transpote resòtisan pi vilnerab franse yo ki vle kite Ayiti "pwochènman" pou menen yo nan Fort-de-France, Matinik.

Dimanch swa, ministe afè etranjè franse a te anonse peyi a ap mete an plas "vòl espesyal" nan moman kote Pòtoprens ap fè fas ak yon pakèt zak vyolans, epi vòl komèsyal ki te konn ateri nan kapital la kanpe pou kounyea.

Sous diplomatik la di AFP: "resòtisan ki swete benefisye de vòl espesyal Ministè Afè Etranjè a ak Minis dèz Ame yo mete an plas, te anbake nan elikoptè franse ki te rejwenn yon batiman la marin nasyonal, ki va transpòte yo Fort-de-France pwochènman."

Sous la patka presize konbyen moun yo deja evakye.

Gen yon afè 1,100 Franse - anpil nan yo gen doub nasyonalite - kap viv an Ayiti, dapre done Quai d'Orsay pibliye.

Dimanch, Quai d'Orsay la te presize ke Anbasad de Frans nan Pòtoprens la toujou ouvè e lap pousuiv aktivite li yo malgre "kondisyon yo degrade". Li di anbasad la antyèman mobilize pou soutni kominote fransèz ki sou plas la, e ke ministè a deja evakye pèsonèl li ki pa esansyèl.

XS
SM
MD
LG