Accessibility links

Breaking News

Manifestan Yo Defye Lòd Lapolis nan MIT


Israel Palestinians Campus Protests
Israel Palestinians Campus Protests

Manifestan anfavè Palestinyen ke lapolis te bloke pou yo pa antre nan yon kan manifestan nan Enstiti Teknoloji Massachusetts ki gen ti non ann angle MIT, yo pete wout pou travèse baraj la, yo kenbe men e ansèkle tant yo ki rete sou kanpis la. Inivèsite Columbia deja anile seremoni gradyasyon li nan tout inivèsite a apre dè semenn manifestasyon anfavè Palestinyen.

Sam Ihns, yon etidyan metriz nan MIT ki ap etidye jeni mekanik ansanm ak yon manm gwoup ki rele Jwif MIT pou yon Kanpo nan batay yo, yo di ke gwoup la kanpe nan kan manifestan an depi 2 semenn e ke yo ap mande yon fen nan masak sou dè milye moun nan Gaza.

Manifestan te chita tou nan mitan gran avni Massachusetts la, kote yo te bloke ri a maten an nan lè kote moun t ap kouri pou al travay nan zonn Boston an.

XS
SM
MD
LG