Accessibility links

Breaking News

Izrayèl Di li Pran Kontwòl Passaj Fwontyè Rafah a


Israeli forces launch a ground and air operation in the eastern part of Rafah
Israeli forces launch a ground and air operation in the eastern part of Rafah

Lame Izrayèl la fè konnen jodi madi a fòs li yo repran kontwòl pati Gaza a nan pasaj fwontyè Rafah ant Gaza ak Ejip, yon jou apre yo fin òdone dè dizèn milye Palestinyen pou yo kite zonn nan, e apre li fin lanse plizyè frap aeryen.

Operasyon Izrayèl la vini apre dè semenn kote otorite israelyen te di ke yon ofansiv nan Rafah te nesesè pou reyalize objektif yo ki se bat Hamas, pandan Etazini, Nasyon Zini ak lòt, avèti ke lanse yon ofansiv nan yon zonn chaje ak sivil palestinyen ta kreye yon dezas imanitè.

Chef politik afè etranjè Inyon Ewop Josep Borell di jounalis yo sa pwal lakoz anpil sivil viktim.

Minis afè etranjè chinwa Lin Jian mande Izrayèl pou li chache evite dezas imanitè ki pi grav nan teritwa a.

Pòtpawol ajans imanitè l-ONU Jens Laerke fè konnen Izrayèl fèmen pasaj Rafah ak Kerem Shalom ak 2 prensipal wout kote èd imanitè konn antre nan Gaza.

XS
SM
MD
LG