Accessibility links

Breaking News

Etazini: Biden Di Netanyahu li p ap Patisipe nan Okenn Ofansiv Izraelyen kont Iran


Biden Mideast Tensions
Biden Mideast Tensions

Yon responsab Mezon Blanch fè konnen Biden te avèti Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu ke Etazini pap patisipe nan yon kont-ofansiv kont Iran si Izrayèl ta deside tire revanj apre Iran te lanse yon rafal misil ak dronn sou teritwa Izraelyen.

Pandanstan, Netanyahu te reyini kabinè lagè a nan Tel Aviv pou diskite sou yon repons pou atak dronn ak misil Iran an.

Minis kabinè lagè a Benny Gantz avèti ke Izrayèl ap "fè Iran peye sa yon fason ki ap bon pou nou e nan yon moman ki ap bon pou nou."

Chèf Fòs Lame Iran yo di ke yo konsidere operasyon an kòm yon siksè e yo "jije ke dosye a fèmen."

Men Iran avèti Izrayèl ak Etazini ke yon vanjans kont atak samdi swa yo a ta mennen yon repons ki ap pi djanm lontan.

Lame Izrayelyen an pibliye dimanch yon foto ki moutre, dapre sa li di, avyon de gè li yo ki bloke veyikil ayeryen ak misil rapid ki te soti Iran.

Plis pase 300 misil ak dronn yo te soti pou pifò andan Iran, e te lakòz sèlman ti dega lejè sou tèritwa Izrayèl ki te desann pifò nan yo ak èd Etazini ak Angletè.

Yon baz Avyasyon Militè Izrayèl te pran frap, men li te kontinye travay nòmalman, e yon timoun 7 an te blese grav ak fragman bonm.

XS
SM
MD
LG