Accessibility links

Breaking News

Wayòm Ini: Cameron Ekzòte Izrayèl pou l pa Reyaji kif kif kont Iran


US UK
US UK

Minis Afè Etranjè Grand Bretay, David Cameron, ekzòte Izrayèl pou l pa reponn kif kif apre atak dronn ak misil Iran te lanse sou peyi a. Li di Izrayèl ta dwe "reflechi ak tèt li olye de kè li" paske atak Teheran an te prèske yon echèk total.

Atak plis pase 300 misil ak dronn ki te soti Iran te lakòz sèlman ti dega lejè nan Izrayèl paske sistèm defans Iron Dome li a te desann pifò nan yo, ak èd Etazini, Grann Bretay, Lafrans ak Jòdani. Atak Iran an te fèt apre sa ke li te sispèk kòm yon atak aeryen Izraelyen sou anbasad Iran nan Siri 1ye avril pase.

"Mwen panse ke yo (Izrayèl) gen tout rezon pou yo panse ke yo ta dwe reponn paske gen atak ki fèt sou yo, men nou ap ekzòte yo kòm zanmi pou yo panse ni ak tèt yo ni ak kè yo, pou yo sèvi ak entelijans menm jan yo sèvi ak gwo ponyèt," se sa Cameron di sou chèn televizyon BBC.

Li di ke li ekzòte Izrayèl pou li pa ogmante tansyon nan Mwayenn Oryan an.

Cameron di ke Grann Bretay pwal travay tou ak alye yo pou yo chache enpoze plis sanksyon sou Iran, e li ekzòte Izrayèl pou l retounen konsantre sou yon antant ak gwoup Hamas ke Iran apiye a pou fè yon kanpe sou goumen nan lagè Gaza a.

XS
SM
MD
LG