Accessibility links

Breaking News

Otorite Brezil Jwenn yon Bato Chaje ak Kadav k ap Dekonpoze


Lapolis ede deplase yon bato ki tap transpote kadav kap dekonpoze nan Braganca Brezil, 15 Avril, 2024.
Lapolis ede deplase yon bato ki tap transpote kadav kap dekonpoze nan Braganca Brezil, 15 Avril, 2024.

Polis Federal Brezilyen an mennen yon operasyon Dimanch pou rekipere yon ti bato chaje ak kadav ki kòmanse pouri ke pechè te detekte tou pre kòt nòdès peyi a.

Yo te wè bato a kap flote bò kote kòt eta Para, ki sitye nan yon rejyon elwaye ak yon distans 300 kilomèt ak Belem ki se kapital eta a.

Fòs naval la, ponpye ak otorite lokal yo te patisipe nan operasyon an.

Minis jistis Brezil pibliye yon deklarasyon kote l di peyi a voye yon ekip polis espesyalize nan zòn nan pou detèrmine ki kote moun ki mouri yo ak bato a te soti.

Deklarasyon minis jistis la di gen yon afè 20 kadav nan bato a. Biwo a di lap tanmen yon ankèt kriminèl ak yon ankèt sivil sou ensidan an.

Se pa premye fwa peche yo jwen bato ki chaje ak kadav ap flote nan rejyon wès Oseyan Atlantik la.

An 2021, omwens 7 bato chaje ak kadav t al chwe sou kot Brezil ak Es Karayib la.

Ankèt Associated Press ak otorite lokal yo mennen jwenn kèk nan bato sa yo tap transpòte kadav migran afriken ki tap eseye rive nan Zile Kanari yo, men ki te fè erè navigasyon e ki te rete ap flote sou lanme a pandan plizyè semèn.

XS
SM
MD
LG