Accessibility links

Breaking News

Lajistis Brezil Enkilpe Bolsonaro


Ansyen Prezidan Jair Bolsonaro salye patizan li yo apre lansman kanpay li nan Rio de Janeiro, Brezil, 16 Mas, 2024.
Ansyen Prezidan Jair Bolsonaro salye patizan li yo apre lansman kanpay li nan Rio de Janeiro, Brezil, 16 Mas, 2024.

Lajistis peyi Brezil enkilpe ansyen prezidan Jair Bolsonaro ofisyèlman poutèt li te falsifye etati vaksinasyon COVID-19 li.

Se premye enkilpasyon lidè ekstrèm dwat la resevwa, e gen posibilite pou lajistis lanse lot akizasyon kont li nan lavni.

Enkilpasyon polis federal la pibliye Madi ke Kou Siprèm nan apwouve akize Bolsonaro ak 16 lòt moun dèske yo te mete fo enfòmasyon nan yon rezo done sante piblik pou fè kòmsi prezidan an nan epòk la, pitit fi li ki gen 12 zan ak plizyè lòt moun nan sèk li te resevwa vaksen COVID-19 la.

Detektiv lapolis Fabio Alvarez Shor, ki siyen dokiman an di nan rapò li ke Bolsonaro ak konseye li yo te chanje dosye vaksinasyon yo pou eskive restriksyon sante piblik yo.

XS
SM
MD
LG