Accessibility links

Breaking News

Yon Tribinal Britanik di Yo Paka Ekstrade Assange Toutotan Etazini Pa Anile Pèn de Mò a


Manifestan kenbe pannkat apre Stella Assange, madanm fondate Wikileaks Julian Assange pibliye yon deklarasyon devan Kou Wayal Jistis la nan Lond, 26 Mas, 2024.
Manifestan kenbe pannkat apre Stella Assange, madanm fondate Wikileaks Julian Assange pibliye yon deklarasyon devan Kou Wayal Jistis la nan Lond, 26 Mas, 2024.

Yon tribinal Britanik di yo paka ekstrade Julian Assange Ozetazini pou fè fas ak akizasyon espyonaj toutotan Etazini pa garanti yo pap kondane l a mo.

Desizyon an se yon viktwa pasyèl pou fondatè WikiLeaks la.

Gen 2 jij Kou Siperyè a ki di yo ta apwouve yon nouvo apèl pou Assange si otorite Ameriken yo pa bay plis asirans nan yon espas 3 semèn sou kisa ki pral pase misye.

Yo di si Etazini pa ba okenn garanti, yo pral akode Assange pèmisyon pou l ale ann apèl kont ekstradisyon an sou baz ke sa reprezante yon anpechman libète ekspresyon.

Jij yo pran yon poz ak pwosè a pou jous 20 Me.

XS
SM
MD
LG