Accessibility links

Breaking News

Yo Asiyen CIA poutet Li Ta Swadizan Fe Espyonaj sou Avoka ak Jounalis ki Te Rankontre Assange


Britain Assange
Britain Assange

WASHINGTON - Yon gwoup jounalis ak analis politik ale nan tribinal kont CIA ak yon ansyen direktѐ li, Mike Pompeo, poutѐt ajans enfòmasyon sekrѐ a ta swadizan espyone yo lѐ yo te vizite fondatѐ WikiLeaks la, Julian Assange, pandan sejou misye nan anbasad Ekwatѐ a nan vil Lond.

Dokiman ki presize koz pwosѐ sa a pretann ke, pandan CIA te anba direksyon Pompeo a, ajans la te vyole dwa a vi prive jounalis ak avoka ameriken sa yo lѐ li te fѐ espyonaj sou yo. Pami pleyan yo genyen jounalis Charles Glass ak John Goetz avѐk avoka Margaret Kunstler e Deborah Hrbek, ki te reprezante Assange.

Richard Roth, prensipal avoka pleyan yo, deklare:

“Konstitisyon Lѐzetazini an pwoteje sitwayen ameriken yo kont tout aksyon depase limit gouvѐnman an, menm lѐ aksyon sa yo ta dewoule nan anbasad yon peyi etranje.”

CIA, ki refize fѐ deklarasyon sou pwosѐ a, twouve l anba entѐdiksyon pou l ranmase enfòmasyon sekrѐ sou sitwayen ameriken yo, menmsi anpil manm Kongrѐ a pretann ke ajans la kenbe yon baz de done kote li sere enfòmasyon sekrѐ sou Ameriken yo.

Nan dokiman jounalis yo ak avoka yo soumѐt devan tribinal la, yo di yo te oblije remѐt aparѐy elektwonik yo bay Undercover Global S.L., yon konpayi prive ki t ap asire sekirite anbasad la nan epòk la, anvan yo te ka vizite Assange. Dokiman pwosѐ a pretann ke konpayi a te kopye enfòmasyon sou vizit la e li te remѐt yo bay CIA ki, nan epòk la, te gen Pompeo kòm direktѐ.

Laprѐs pa t ka kontakte Pompeo ni Undercover Global L.S. pou yo bay reyaksyon yo.

XS
SM
MD
LG