Accessibility links

Breaking News

Pwòch-Oryan: Twoup ak Tank Israyelyen Antre Nan Gaza.


Papa Papa Fransisiko muri Uganda
Papa Papa Fransisiko muri Uganda

Twoup izrayelyen avèk konkou tank, avyon ak bato de gè kontinye ap pwogrese nan tèritwa Gaza a sou 2èm jou entèvasyon terès lame a fè nan nan tèritwa palestinyen an.

Pèsonèl medikal palestinyen fè konnen omwen 21 sitwayen Gaza pèdi lavi yo depi koumansman operasyon militè terès la ki, dapre Izrayèl, genyen pou objektif detwi tinèl militan palestinyen yo ap itilize pou eseye atake sib izrayelyen.

Antretan, lame izrayelyèn nan (Tzaal) anonse premye viktim li ki tonbe douvan jou vandredi 18 jiyè a pandan yon afwontman avèk konbatan Hamas yo--gwoup Islamis ki kontwole teritwa Gaza a.

Nan nwit jedi pou louvri vandredi 18 jiyè, Tzaal di li touye 14 militan, detwi 20 sit lans wokèt e atake 9 tinèl; an tou li te vize 103 sib "teworis, dapre sa li rapòte sou kont twitter li."

Premye minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, deklare li pre pou l “laji ofansiv li a” ki, jiskaprezan sanble pi limite ke operasyon li te lanse nan ane 2008 ak 2009 la ki te pran lavi plis pase mil 400 palestinyen ak 13 Izrayelyen te pèdi lavi yo.

XS
SM
MD
LG