Yon atak misil ke rebel Houthi yo lanse etan nan Yemen frape yon bato container ki gen drapo peyi Liberya, ki t ap travèse Golf Aden nan, dapre sa otorite yo di ayè dimanch la, premye atak gwoup la depi lè frap izraelyen te vize li.
Kandida ki gen nominasyon prezidansyèl Pati Repibliken an Donald Trump pwopoze pou li fè deba ak kandida Demokrat ki se Visprezidan Etazini Kamala Harris sou Fox News, 4 Septanm, e ekip kanpay Harris la di ke Trump ap chache rale kò li nan deba a ki fikse pou dewoule sou chèn televizyon ABC.
Kous electoral pou prezidan Etazini ant Repibliken Donald Trump ak Demokrat Kamala Harris ap kontinye. Kamala Harris ap mennen kanpay apre kandida Repibliken an te poze Kesyon sou idantite rasyal kandida Demokrat la ki li menm mande l yon deba.
Gwoup militan Hezbollah ki baze nan Liban di, jodi mèkredi a, li t ap chache pou gwoup la pou mete yon nouvo kòmandan nan tèt li apre Izrayèl te fè konnen li touye kòmandan yo a nan yon frap aeryen nan Bewout.
Ismail Haniyeh, lidè Hamas ke yo touye nan Iran an, ki te konn gen yon langaj piman bouk, se figi ki te devan nan diplomasi entènasyonal gwoup la pandan lagè ap fè raj nan Gaza, kote 3 pitit gason-li te tonbe nan yon frap Izrayèl.
Tantativ Asasina Kont Ansyen Prezidan Trump: Harold Trunier Prezidan Direktè Jenera l Cpsota.Sécurité Inc. te pale ak VOA Kreyòl sou pwoblèm ki te genyen nan perimèt kote evènman an ta fèt la
Senatè JD Vance ki nouvo nan Sena Etazini an, ke Trump fèk chwazi kòm kandida pou Visprezidan, li tounen yon kòk batay kont LaChin.
Nan Konvansyon Nasyonal Repibliken an yè swa, kandida pou Visprezidan JD Vance te salye epi bay lanmen ak delege yo ki te eksite pandan Vance t-ap mache pou al chita nan plas li.
Nan premye aparisyon li an piblik depi tantativ asasinay sou rival li, Prezidan Joe Biden konekte atak sou Donald Trump la ak vyolans rasyal ak vyolans zam nan Etazini, e li soupriye tout Ameriken pou yo denonse sa.
Yon jiri jwen senate Bob Menendez ki reprezante eta New Jerze nan Sena Etazini koupab de koripsyon.
Avoka Trump yo mande voye jete vèdik ke tribinal nan New York genyen kont ansyen prezidan an, apre desizyon sou iminite Kou Suprem nan pran an.
Lafimen monte nan mòn Golan kote 2 izrayelyen blese grav lè militan Hezbollah te tire plizye douzen wòkèt ye madi-a kom vanjans apre izrayel te touye yon lide gwoup-la . Serge F. Michel
Premye Minis Grand Bretay la, Rishi Sunak, anonse demisyon li kòm chèf Pati Konsèvatè a vandredi apre defèt li nan eleksyon lejislatif yo, e li mande pèp Britanik la eskiz pandan li ap kite Downing Street.
Sekretè Deta ameriken Antony Blinken pale ayè lendi a pou di ke pwopozisyon Joe Biden pou mete fen nan konfli Izrayèl-Hamas la reyalizab toujou e li ekzòte lidè Hamas yo pou yo aksepte li.
Etazini kontinye ap pouse pou yon plan lapè Israel-Hamas ki enplike entèmedyè rejyonal Ejip ak Katar. Men Izrayèl ak Hamas, yo tou le 2 di pa gen pwogrè ki fèt pandan batay ogmante nan Gaza.
Otorite Etazini ak Inyon Ewòp la avèti sou posiblite pou lagè Gaza a laji, kote ka gen yon ofansiv israelyen kont gwoup militan Hezbollah ke Iran apiye.
Biwo dwa moun Nasyon Zini an deklare ke frap ke Izrael ap fè sou Gaza yo ka vyole anpil fwa prensip fondamantal sou lwa lagè.
Hassan Nasrallah, ki se lidè Hezbollah nan Liban, avèti ayè mèkredi a ke okenn kote p ap gen sekirite ann Izrael si lagè pete ant peyi a ak gwoup militan libanè a.
Pandan pa gen siy pwogrè nan efò medyatè yo pou yo jwenn yon ola nan lagè Gaza a, fòs izraelyen-yo pilonnen Rafah ak frap aeyen e ak atak atè pandan lannwit yè swa a pandan tank t-ap chache vanse plis nan lwès, dapre rezidan yo.
Otorite nan sidwès LaRisi di ayè jedi a yon dronn Ikrèn mete dife nan yon rafinri petwòl.
Load more