Yon fanm pèdi lavi li byen bonè Lendi lè fòs Ris yo te bombade vil Kherson, pandan gen lòt moun ki mouri nan bonbadman Ris nan zòn ki sou fwontyè ak rejyon Kharkiv.
Kore di Nò tire yon misil balistik nan lanmè sou kòt lès li, se sa lame Kore di Sid di madi 25 jiyè, apre yon soumaren nikleyè ameriken te rive nan peyi sa a.
Kore di Nò jis kounyea jedi 20 Jiyè a fè silans sou dosye sòlda ameriken ki antre sou teritwa li depi madi 18 Jiyè a.
Ministè defans Belaris la di jedi 20 jiyè a, mèsenè nan gwoup Wagner Larisi a kòmanse antrene fòs espesyal Belaris yo nan sant militè Brest ki nan distans sèlman 3 mil (5 km) ak fwontyè lès peyi a ak Polòy, ki se manm Òganizasyon Trete Nò Atlantik la.
Lachin di ke bato lamarin li yo ap prepare pou fè egzèsis ansanm ak fòs Larisi yo, sa ki moutre ke li kontinye sipòte Peken nan envazyon Ikrèn nan.
SEOUL, Kore di Sid (AP) - Kore di Nò jiska prezan ret nan silans konsènan antre yon solda ameriken sou teritwa li apre te fin janbe fwontyè etan nan Kore di Sid.
Jwè Ajantin an Lionel Messi te patisipe nan premye sesyon fòmasyon li ak nouvo ekip Inter Miami madi 18 jiyè a apre li te siyen pou klèb Major League Soccer a sou yon kontra kote li gen pou al bay ekip la sèvis li jiska 2025.
Prezidan Chinwa, Xi Jinping, resevwa Jodi madi 18 jiyè a, Prezidan peyi Aljeri, Abdelmadjid Tebboune, nan yon seremoni pou akeyi li ki te fèt nan Gran Sal Pèp chinwa a nan Peken.
Otorite Meksiken yo jwenn vandredi 14 jiyè a 196 migran ki te fèmen nan yon trelè nan Meksik, dapre sa Enstiti Nasyonal Migrasyon (INM) fè konnen dimanch 16 Jiyè a.
Prezidan fransè Emmanuel Macron nan okazyon 2e jou some LOTAN konfime soutyen alyans militè a pandan li eksprime konpreansyonn vizavi prezidan Ikrenyen an ki desi konsènan adezyon peyi l nan LOTAN.
Sekretè Trezò Ameriken Janet Yellen ale Peken Mèkredi 5 jiyè pou yon reyinyon ak gwo otorite Chinwa sou yon pakèt sijè, pami yo enkyetid Etazini sou yon nouvo lwa Chinwa pou kontrekare espyonaj, dapre sa yon gwo otorite nan depatman Trezò di.
Load more