Mwayen Oryan
Trump Mande Jòdani, Ejipt Pran Palestinyen yo

Plizyè milye Palestinyen kanpe devan barikad pou tounen lakay yo nan nò Gaza Dimanch. Yo eksprime fristrasyon yo apre Izrayèl akize Hamas dèske li vyole ako seselfe a epi refize louvri pwen tranzit yo.
Yon jou apre dezyèm boukantay otaj Izrayelyen Hamas te kenbe nan Gaza pou prizonye Palestinyen ki te fèmen nan prizon Izrayelyen yo, blokaj la te souliyen risk ki poze pou trèv la.
Anvwaye Prezidan Donald Trump pou Mwayèn Oryan an, Steve Witkoff, pral vwayaje Izrayèl Mèkredi pou jere seselfe Gaza a, dapre sa rezo televizyon Channel 13 Izrayèl la rapote Dimanch. Nouvèl la site 2 responsab Izrayelyen.
Nan rejyon santral Gaza, plizyè kolònn moun tap tann sou wout prensipal ki ale nan nò a. Te gen machin epi pyeton, dapre sa temwen yo rapote.
Samdi Trump te pase lòd pou lame Etazini bay Izrayel bonm ki peze 2,000 liv ke predesesè li Joe Biden te pase lòd pou yo kenbe e pa livre bay Izrayèl akoz kè sote li te genyen pou enpak sa taka genyen sou popilasyon sivil Gaza a.
Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu remèsye Trump pou "zouti li bay ke Izrayèl bezwen pou defann tèt li, konfwonte emi komen yo epi sekirize yon avni lapè ak pwosperite."
Trump te lanse apèl tou bay Ejipt ak Jodani pou yo pran lakay yo plis Palestinyen ki soti Gaza swa pwovizwaman, swa an pèmanans. Li te ajoute: "Nou ta dwe netwaye tout (teritwa a)."
Trump kontinye pou l di: "(Gaza) literalman yon lye demolisyon, prèske tout bagay ratibwaze e moun yo ap mouri lòt bò a." Li te fè deklarasyon an apre yon konvèsasyon nan telefòn ak Wa Jòdani Abdullah.
Yon responsab Hamas, gwoup militan Palestinyen ki dirije Gaza te reponn pou di li gen kè sote tou dèske yap eseye dechouke Palestinyen yo an pèmanans pou yo pa janm tounen lakay yo.
Basem Naim, yon manm biwo politik Hamas la di Reuters: Palestinyen yo "pap janm aksepte okenn òf ni solisyon, menm si (òf sa yo) sanble fèt ak bon entansyon anba degizman rekonstriksyon jan yo anonse l nan pwopozisyon Prezidan Etazini Donald Trump yo."
Anpil nan Palestinyen ki bloke dèyè barikad sou wout ki mennen nan nò Gaza rejte solisyon Trump pwopoze a tou.
Yo di: "Si li konprann li pral dechouke pèp Palestinyen an pa lafòs, eben se enposib, enposib, enpposib. Pèp Palestinyen an kwè ak tout fòs li ke tè sa se pou li li ye, se tè pa yo, se tè pa yo."
See all News Updates of the Day
Hamas Libere 3 Otaj Izrayelyen an Echanj pou Prizonye Palestinyen

Militan Hamas yo lage 3 otaj Izrayelyen ki mèg kou kaw pandan ke Izrayèl libere 183 prizonye Palestinyen nan 5èm boukantaj ki fèt anba seselfe ki kanpe goumen nan Gaza.
Kondisyon otaj yo ak sèn kote Hamas tap fòse yo pale pandan echanj la soulve kòlè nan Izrayèl.
Sa taka ogmante presyon pou Premye Minis Benjamin Netanyahu pwolonje seselfe a pou plis pase 6 semèn - ki se antant ki egziste kounyea.
Plan Prezidan Ameriken Donald Trump ki fè tout moun sezi pou transfere popilasyon Palestinyèn nan sòti nan Gaza pa sanble afekte faz sa a nan seselfe a.
Sepandan sa taka konplike negosyasyon kap dewoule sou dezyèm faz la ki pral pi difisil.
Washington Anonse Li Vann Izrayèl Zam Ki Vo Plis Pase $7 milya

Lèzetazini anonse vandredi 7 freviye ke li te apwouve lavant bonm, minisyon ak misil ki vo yon total de$ 7.4 milya ke yo bay Izrayèl, ki te itilize zam Ameriken nan lagè nan Gaza.
Akò zam yo gen ladann lavant bonm, wokèt ki vo $6.75 milya, ansanm ak misil Hellfire ki vo $660 milyon, dapre sa Ajans Koperasyon Sekirite Defans Ameriken an te di.
Trump: Se Izrayèl Ki Pral "Remèt" Etazini Gaza Yon Fwa Lagè a Fini

Sou Truth Social Prezidan Ameriken an ekri "Nou p ap gen bezwen pou okenn sòlda Ameriken! pral gen estabilite nan rejyon an !!!"
Prezidan Repibliken an te di ke " se Izrayèl ki pral remèt Etazini bann Gaza , lè yo fini ak batay la," e li ajoute ke lè sa a, Palestinyen "pral deja ale nan kominote ki pi an sekirite ak pi bèl ak nouvo kay modèn nan zòn nan."
"Etazini, ap travay ak gwo ekip ki bon nan devlopman imobilye atravè mond lan, pou kòmanse bati sa ki ta youn nan pi bèl pwojè imobilye sou planèt la" .
Prezidan Donald Trump te lakòz yon gwo pale anpil nan kominote entènasyonal la apre deklarasyon li te fè Madi pase a kote li te anonse, an prezans Premye Minis Izrayelyen an Benjamin Netanyahu pandan vizit li Washington, ke Etazini pral pran "kontwòl alontèm" Bann Gaza a.
"Nou pral fè yon bon travay. Nou pral pran posesyon li,"se sa li te di nan yon konferans pou laprès.
Li pa t presize ki kote egzakteman Palestinyen yo pral relokalize, oswa ki moun ki ta evantyèlman viv Gaza apre rekonstriksyon li.
Trump Di Etazini Ap Pran Kontwòl Gaza
Prezidan Donald Trump deklare li vle Etazini pran kontwòl Gaza. Yon deklarasyon ki ale pi lwen pase sa li te di anvan pou fòse moun Gaza yo deplase pou ale nan peyi vwazen tankou Jòdani ak Lejip.
Gaza "se pou Palestinyen yo", Berlin Reponn Deklarasyon Trump yo

Bann Gaza "se pou Palestinyen yo" e li dwe, menm jan ak Sijòdani e Jerizalèm Ès, fè pati "Leta Palestinyen dwe genyen nan lavni an", se sa minis Afè etranjè Almay la te reponn mèkredi sou deklarasyon Donald Trump fè pou l di Etazini ta kapab pran kontwòl Gaza.
"Yo pa dwe mete popilasyon sivil Gaza a deyò, e Gaza pa dwe okipe pandan lontan oswa kolonize ankò," se sa Annalena Baerbock deklare nan yon kominike.
Facebook Forum