Plizyè dièn militan diferan strikti sosyo politik manifeste nan lari Potoprens kont kidnaping, ensekirite, enjerans etranje epi pou mande Premye Minis Ariel Henry demisyonen. Korespondan VOA Kreyol Renan Toussaint gen detay.
Nan yon konvèsasyon ak VOA Kreyol, Price Cyprien di tout Ayisyen ta dwe pran responsabilite pou eta peyi a jounen jodia, e ke lè li te an fonksyon, palman an te byen reprezante Ayiti sou plan entènasyonal la.
Batonye lòd avoka bawo Pòtoprens la, mèt Suzie Legros mande yon lòt fwa ankò, delokalizasyon palè jistis la ki sitye sou Bisantnè a. Korespondan VOA Kreyòl Renan Toussaint gen detay.
PM Ariel Henry rankontre youn nan inisyatè ako Montana a, Mme. Magalie Comau Denis sou modalite repriz negosyasyon yo. Demach sa a soulve reyaksyon negativ nanmitan strikti sosyo-politik ako sa a. Renan Toussaint gen detay pou VOA Kreyol depi Potoprens.
Avoka Ayisyen mande Repiblik Dominiken pote kole ak Ayiti pou trase lajan ki ta depanse lakay yo pou finanse asasina a. Renan Toussaint gen detay.
Korespondan nou nan Potoprens Renan Toussaint pale ak yon ekonomis Ayisyen ki esplike enpak dezekilib ant pwodwi Ayiti enpote ak ekspote yo genyen sou ekonomi peyi a.
Gwoup Kwasans louvri ak sipo bank santral la, 12èm edisyon somè entènasyonal finans la. Korespondan VOA Kreyòl nan Pòtoprens, Renan Toussaint, di nou somè a pral dire 3 jou.
Korespondan nou nan Potoprens, Renan Toussaint pale ak kèk chofè nan kapital Ayisyèn nan sou mizè yo pase pou achte gaz.
Korespondan nou nan Potoprens, Renan Toussaint ba nou kont randi sityasyon ensekirite a nan kapital Ayisyèn nan e konsekans li genyen sitou pou moun ki abite nan zon Matisan.
Korespondan nou nan Potoprens, Renan Toussaint pale ak kek moun ki tap fe sit-in devan lokal RNDDH la nan kapital la, pou pote solidarite pou militan dwa moun Pierre Esperance ki resevwa menas kont vi li akoz pozisyon li pran sou kestyon ensekirite a.
Reyaksyon ap tonbe apre nouvèl ki fè konnen Chaje d'Afè Ameriken Kenneth Merten ap kite Ayiti. Nan yon entèvyou ak laprès, Merten di enpas politik la rann ni enposib pou peyi a avanse. Korespondan nou nan Potoprens, Renan Toussaint gen reyaksyon.
Korespondan nou nan kapital Ayisyen nan Renan Toussaint te sou plas kote li pale ak kèk pami moun ki tap pwoteste kont zak vyolans kap ogmante ann Ayiti epi kidnapping.
Kèk sitwayen reyaji pandan manifestan ki òganize kont ensekirite a. Manifestan yo mande demisyon PM Ariel Henry. Renan Toussaint
Korespondan nou nan Potoprens, Renan Toussaint di Prezidan Sena a, Joseph Lambert eksprime dout li dèske Premye Minis Ariel Henry ap kapab rezoud kriz politik Ayiti a.
Prezidan eli akò Montana a mande bonjan mezi pou fè fas ak konsekans gè Ikrèn nan. Ekonomis Fritz Jean plede anfavè repriz dyalòg la pou rezoud kriz la ann Ayiti. Renan Toussaint
Tirès sena a akeyi yon delegasyon akò Montana a pou diskite kriz la. Senatè yo gen pou rankontre lòt gwoup siyatè diferan akò. Korespondan VOA Kreyole nan Potoprens, Renan Toussaint te suiv rankont la pou nou.
Yon lidè politik ayisyen gen konsèy sa yo pou Etazini ak Larisi sou gè Ikrèn nan. Dapre responsab la, 2 puisans nikleyè mondyal yo dwe evite tout derapaj ki kapab etann konfli ame nan lòt peyi. Renan Toussaint gen detay depi Potoprens.
"Nou pa vle se blan kap di nou a gòch a dwat," se sa yon responsab Fos Nasyonal Demokratik la di pandan yon konferans pou lapres nan Potoprens jodia. Gwoup la mande pou senate ki an plas yo pran responsabilite yo pou jere 7 Fevriye kap vinn la a.
Soti mèkredi premye desanm pou louvri jedi 2 desanm 2021, batay ak zam eklate ant bandi Gran Ravin ak Tibwa kote anpil san koule nan katye Matisan nan sòti sid kapital la, Pòtoprens.
Load more