Mèt André Michel, pòtpawòl yon branch Sektè Demokratik ak Popilè a (SDP) mande Premye Minis Ariel Henry mete ann aplikasyon akò 21 Desanm 2022 a. Pandansetan, BINUH di li salye demach pouvwa a ki pibliye dokiman sa a nan jounal Le Moniteur .
Yon pòt pawòl gwoup inisyativ sitwayèn pou yon solisyon pa rapò ak kriz politik ayisyèn nan, Pastè Sylvain Exantus, mande ekip akò 21 Desanm nan pou chita ak lòt strikti politik.
Anpil sitwayen debake devan imigrasyon ak devan DGI pòtoprens pou yo al chache fè paspò aprè nouvo pwogràm migrasyon gouvènman ameriken lanse 5 janvye pase a kote ayisyen ka aplike legalman pou antre etazini san yo pa bezwen riske vi sou lanmè.
Apati lendi 9 janvye 2023 pap gen okenn eli nan peyi dayiti akoz manda 10 senatè ki fè pati tyè sena ayisyen an k ap bout. Renan Toussaint ap swiv dosye sa a pou nou, l ap prezante nou,yon repòtaj depi Pòtoprens.
Direktè jeneral Ministè dè culte la, Evans Souffrant, anonse mezi kont Pastè Armel Lafleur, ki boude konvokasyon enstitisyon l pa rapò ak outraj ala pidè.
Yon regwoupman politik an Anayiti mande yon konsans politik pi laj pou rezoud kriz sosyo politik ak ekonomik la.
Anpil strikti politik, notàmman antite Akò Montana a, plede anfavè yon konsansis lajman laj pou rezoud kriz sosyo politik ak ekonomik la nan moman gouvènman Ariel Henry an, ap preparel pou enstale semèn sa a, yon wo konsèy tranzisyon an.
Direktè jeneral polis nasyonal ,Frantz Elbé,dil dakò pou yon fòs militè etranjè vin akonpaye PNH la kont gang ame yo pandanl t ap prezante bilan operasyon ak reyalizasyon enstitisyon an pandan 2022 an.
Kòdonatè jeneral sendika nasyonal polisye ayisyen yo (SINAPOA),Lionel Lazarre,plede anfavè yon ajisteman salaryal pou polisye yo pandanl di li favorab pa rapò ak yon fòs teknik entènasyonal pou vin fòme inite spesyalize nan lapolis la kont gang ame yo.Renan Toussaint,depi Pòtoprens.
Ekip akò Montana a ak pati politik Unir, anonse yo pran distans yo ak akò konsansis nasyonal Premye Minis Ariel Henry siyen ak pati politik, sosyete sivil ak sektè prive a mèkredi 21 desanm 2022 pou rezoud kriz politik la. Renan Toussaint depi Pòtoprens.
Gouvènman Ayisyen an pase PNH enstriksyon atravè yon plan spesyal, pou garanti sekirite vi ak byen sitwayen yo pandan peryod fèt nwèl 2022 a.
Pwoblèm kabiran toujou nan aktyalite a nan peyi d Ayiti. Senatè Patrice Dumont, kwè se sèl yon gouvènman lejitim ki ka regilarize sitiyasyon an.
Responsab gwoup dapui refijye ak rapatriye yo (GARR) ki komere jounen entènasyonal migran yo lendi 19 desanm 2022 an denonse kalamite ayisyen ap pase anrepiblik dominikèn.Atravé yon rapò anyél li prezante,plis pase 142 mil sitwayen refoule nan peyi dayiti.Renan Toussaint,sou plas nan pòtoprens.
Kolonèl Himler Rebu, analis politik denonse le fèt ke peyi etranjwe ap pran sanksyon kont moun nan peyi-a pandan otorite lokal pa fè anyen .
Nan ka de final Mondyal Foutbol la, Brezil pedi devan Krowasi 4-2 sou penalite nan Qatar. Renan Toussaint pale ak kek fanatik nan Potoprens.
Yon lidè òganizasyon dwazimen an Ayiti, Pierre Esperance, swete otorite anplas yo pran bon jan desizyon jidisyè nan kad swivi sanksyon Lèzetazini ak Kanada enpoze sou kèk lidè politik ak òm dafè Ayisyen.
Premye Minis Ariel Henry, entèdi wo fonksyonè leta vwayaje nan lòt peyi san otorizasyon l. Renan Toussaint,ap di nou plis, depi Pòtoprens.
Repiblik Dominikèn enpoze nouvèl kondisyon pou delivre viza sejou ak ayisyen. Renan Toussaint gen detay depi Potoprens.
Gang Ame yo, ki gen plis pase yon lane depi yo bloke aksè ak sid Ayiti, pwomèt yap kanpe sou aktivite yo pandan sezon fèt la. Renan Toussaint gen detay.
Nouvo rate kabiran sou mache nasyonal la an Ayiti - jounalis VOA Kreyòl Renan Tousaint te vizite kek estasyon sèvis nan Pòtoprens.
Load more