Yon defansè dwa moun plede anfavè 7 jij (CSPJ) ke yo apèn mete deyò nan sistèm jidisye a , li fè rekou, pandanl salye inisyativ la
Yon strikti politik Ann Ayiti ki rele VIV Ayiti plede anfavè yon Pak gouvènabilite sou yon peryòd 50 lane pou garanti stabilité politik ak lapè nan peyi a.
Yon lidè politik ayisyen mande pou striktire fenomèn bwa kale a nan lide pou eradike gang ame yo nan peyi d Ayiti.
Ansyen senatè Joseph Lambert, di li prale ann apèl kont yon òdonans jij enstriksyon Marthel Jean Claude rann ki enplike Ansyen Senatè Youri Latortue tou nan dosye kòripsyon.
Zak kidnaping yo rekòmanse nan Pòtoprens. Chef RNDDP (Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun) Pierre Esperance ki se yon lidè dwa imen mande wo eta majò lapolis la,asime responsabilite l pa rapò ak sitiyasyon sa a.
An prelid ak jounen entènasyonal refijye yo demen madi 20 jen 2023 ,GARR òganize yon Konferans deba,jodi lendi an,pou sansibilize gran piblik la sou pwoblèm ki lye ak migrasyon .
Nan okazyon kloti kongrè nasyonal plàtfòm politik viktwa, vandredi 16 jen 2023 a, dirijan yo mande lòt aktè politik yo chache jwenn yon antant ak Arreiel Henry pou òganize eleksyon jeneral nan peyi an.
Reyaksyon direktè jeneral biwo min nan Annayiti, enjenyè jewològ Claude Prepetit, aprè tranblemann tè 6 jen 2023 a nan depàtman grandans peyi an, kote 4 moun pèdi lavi yo
SPNH -17, youn nan strikti sendikal anndan lapolis la, reklame meyè kondisyon travay pou polisye yo ak materyèl ak ekipman nesesè k ap pèmèt enstitisyon an ranpli misyon l kòm sa dwa.
Pòt pawòl lapolis la Annayiti, komisè Gary Desrosiers,nan kad yon konferans pou laprès mèkredi 31 Me 2023 a, prezante bilan diferant operasyon enstitisyon an mennen sòti 26 janvye pou rive 26 Me 2023 a nan tout peyi a.
Pou pi piti 160 prezime bandi mouri ak boule tou vivan depi lansman fenomèn Bwa Kale a, 24 Avril 2023, daprè yon rapò sant analiz ak rechèch andwa de lòm (CARD) pibliye vandredi 26 Me 2023.
Dapre done leta yo, soti ane 2020 pou rive 2023, gen plis pase 20,000 ouvriye faktori ki lage nan chomaj akoz femti, ensekirite ak seri manifestasyon popile.
Fowòm ekonomik ki dewoule Potoprens pa jwenn apwobasyon tout aktè nan klas politik la. Pa egzanp, korespondan-nou Renan Toussaint pale ak ansyen Kolonèl Himler Rebu ak ansyen depite Deus Deronneth ki esplike opinyon pa yo.
Sou lidèship strikti politik, emèjans patriyotik, plizyè òganizasyon nan sosyete sivil la patisipe nan yon jounen refleksyon pou make 220 lane ekzistans drapo a nan pòtoprens, jedi 18 Me 2023.
Yon lidè nan sosyete sivil ayisyèn nan, Édouard Paultre,di l apiye maryaj ant mouvman bwa kale a ak lapolis pandan ke wo konsèy tranzisyon an repòte fowòm sou sekirite a.
Ak asistans OIM, gwoup dapui rapatriye ak refijye ( GARR) mete kanpe yon komite siveyans sou fwontyè Ayisyano-dominikèn nan moman otorite dominikèn yo rapatriye plis pase 130,000 ayisyen pou mwa Avril ak kòmansman mwa me 2023.
Pòt pawòl lapolis la komisè Gary Desrosiers pa anmezi pou bay bilan pasyèl operasyon PNH la te mennen nan direksyon sid antre ak sòti kapital peyi a.
Joseph Domingue Orgella yon lidè nan sosyete sivil ayisyèn nan, di li swete Etazini jwenn yon peyi ki aksepte pran tèt yon fòs Entènasyonal nan kad lit kont gang ame yo Daprè Ansyen kolonèl Himler se pa yon bagay ki ap fasil.
Ansyen kolonèl lame dayiti, Himler Rebu, di l regrèt se pèp ayisyen an k ap rezoud pwoblèm ensekirite a ak operasyon bwa kale a.
Ayiti : Lapolis kraze ak gaz lakrimojèn yon manifestasyon ouvriye sou tretans tap òganize kote yo ap reklame 2500 goud kòm salè minimòm ak akonpayman sosyal.
Load more