Lendi 8 Me 2023 a Lapolis anpeche yon manifestasyon Sendika Ouvriye sektè sou tretans yo tap fè rive devan Primati a pou plenyen pou 20,000 djob ki pèdi nan peyi a.
Sendikalis Sanosier Remy Maxo, mande leta ayisyen retire monopòl pwodwi petwolye yo nan men sektè prive a.
Plizyè elèv lise nan kapital la ap mande pou pwofesè yo retounen travay.
Sitwayen gen difikite pou fè retrè dola ameriken an nan bank kòmèsyal yo.
Lapolis anpeche yon manifestasyon sendika ouvriye ki te nan zòn Délma 30, rive devan Primati a.
Sektè bankè ayisyen an ap fè fas ak yon rate dola ameriken sou mache nasyonal la. Asosyasyon pwofesyonèl bank yo mande kliyantèl la itilize lòt mwayen pou fè tranzasyon yo.
Premye minis Ariel Henry te rankontre ak plizyè dirijan asosyasyon majistra sou pwosesis sètifikasyon majistra yo.
Ansyen palmantè Printemps Bellizaire plede anfavè yon lidèchip politik kolektif pou rezoud kriz la nan moman ANMH refize patisipe nan fòmasyon KEP "Konsèy Elektoral Pwovizwa"a.
Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun (RNDDH) fè konnen gen plizyè santèn sitwayen ki mouri ak plizyè lòt sòti blese nan divès atak nèg ak zam fè nan plizyè katye nan depàtman lwès la ak latibonit .
Ayiti: Malgre otorite yo di gen plizyè kagezon ki deja rive sou mache nasyonal la, Pèp la toujou paka jwenn Gaz la nan ponp yo.
Jounalis VOA Kreyòl Renan Toussaint te pale ak ,ansyen senatè Nenel Cassy Sou Sanksyon Vwazwen an Pran Kont lit.
Nan Pòtoprens, 13ème edisyon somè finans entènasyonal, louvri jodi lendi 17 Avril 2023 a.
Ex-kolonel Ayisyen Himler Rebu di toutotan pa gen yon chanjman lidèship politik annayiti, pwoblèm ensekirite a pap janm rezoud, piske kominote entènasyonal la pap lage materyèl ak ekipman nan men moun"ki enpi."
Anderson Desroches ki se yon sendikalis ayisyen, mande leta reprann monopòl kabiran an nan men sektè prive pou rezoud pwoblèm rate gaz la nan peyi a
Rezo nasyonal defans dwa moun (RNDDH),mande enstans konsène yo pran desizyon nesesè pou konbàt detansyon prevantiv pwolonje a nan peyi d Ayiti.
Yon lidè dwa zimen swete kominote entènasyonal la voye yon fòs etranjè pou vin ede lapolis lite kont gang ame yo pandanl di l regrèt polisye tounen sib bandi akoz mank mwayen.
Lapolis an dèy aprè asasina 3 polisye nan zòn Laboul 32 (Petyonvil), dimanch 9 Avril 2023 a. Renan Toussaint,ap di nou plis,depi pòtoprens.
🇭🇹▶Ofis pwoteksyon sitwayen (OPC) ap miltipliye kontak nan kad demach poul kòdone yon somè deta sou ensekirite ann Ayiti.
Lapolis jidisyè mande pou arete ansyen minis jistis ak sekirite piblik, mèt Berto Dorcé, sou akizasyon fòfeti,trafik enfliyans ak asosyasyon malfèktè nan kad ankèt sou dosye kagezon zàm pòdepè a. Renan Toussaint, depi Pòtoprens.
Omwen 195 moun mouri anba bal bandi, pami yo, 3 polisye, yon sòlda lame d Ayiti ak yon etidyan pou mwa mas 2023 selon yon rapò òganizasyon sitwayen pou yon nouvèl Ayiti (OCNH ).
Load more